Publie par Ralph Joram Eliameau, sur sa page Facebook lien:klike la

Klasik Mizik fè yon bèl pèfòmans nan Royal Twopikal, nan sware 6 septanm 2025 lan

Klasik Mizik mete dife sou sèn nan ak yon konpa dirèk ki te chaje ak enèji. Mesye van yo te soufle ak anpil presizyon, pandan gitaris yo ak kibòdis la te byen asòti nan jwèt yo. Bas la te bay bon balans ak pwofondè, tandiske chantè yo te montre gwo motivasyon.

San bliye kontribisyon solid ekip ban dèyè a, ki te pote plis fòs nan son an.

Klasik Mizik ap kontinye pwogrese, e pèfòmans yèswa a se yon lòt prèv klè !

Anplis de sa, anpil lòt jazz nan Nòdwès ap fè bèl pwogrè tou. Sa se prèv ke mizisyen yo pran mizik la oserye nan Nòdwès epi ap travay di. Kounye a, yo bezwen plis sipò ekonomik pou yo ka pwodwi, grandi epi rete vivan sou plan mizikal. Li enpòtan pou sektè ekonomik lan, sitou moun ki renmen kilti lokal la, pou yo bay men.

Mwen menm, m ap swiv jazz sa yo san regrè: Frizz, K-ZI Mizik, Modèl Jazz, Sinik Mizik, Klasik Mizik… Tout jazz sa yo ap fè anpil pwogrè.

Mwen ankouraje tout lòt jèn jazz yo kontinye travay, pou yo ka avanse sou rit jazz sa yo ki chaje espwa pou lavni.

Ralph Joram Eliameau, RJE